Klasyo se yon mache sou entènèt pou kou an liy an Ayiti. Lè w itilize Klasyo, ou aksepte CGU sa yo.
·Antite legal & kontak
1Aksè & laj
Achte/Aprann: 13 an +. Si w gen <18 an, mande paran/titè pou ede w ak acha yo.
Vann/Pibliye (Kreyatè): 18 an +, KYC obligatwa (verifikasyon idantite ak mwayen peman).
Nou ka refize/sispann yon kont si règ yo vyole.
2Kreye kont & sekirite
- Otantifikasyon fèt atravè sesyon sekirize ak bonbon. Pa pataje modpas oswa kont ou.
- Bay enfòmasyon ki vrè; mete yo ajou lè sa nesesè.
- Sispèk abi/oswa entrizyon? Ekri admin@klasyo.com imedyatman.
3Pibliye yon kou (Kreyatè)
Ou dwe pibliye kontni orijinal oswa kontni ou gen dwa itilize.
Lisans: ou rete pwopriyetè zèv ou. Ou bay Klasyo yon lisans ki pa eksklizif, mondyal, gratis pou estoke, transcoder, difize, pwomote kou a (ti ekstrè, minyatir) pandan li sou Klasyo.
Modération: nou ka revize avan/apre piblikasyon; nou ka mande chanjman oswa retire si vyole règ yo.
4Kontni entèdi
- Ilégal/oswa kont lwa Ayiti; rayisman/ vyolans; difamasyon;
- Pònografi/oswa eksplisit seksyèl;
- Kopye san otorizasyon;
- Pwomès ireyalis (eg. "vin milyonè nan 3 jou").
Nenpòt moun ka siyale nan admin@klasyo.com oswa bouton Siyale. Nou vize reponn nan 72 è; kreyatè gen dwa bay eksplikasyon.
5Peman & aksè
MonCash se metòd peman nou. Pandan beta, nou ka mande ID tranzaksyon pou valide.
Aksè bay kou a apre konfimasyon peman.
Sa vle di pandan kou a rete sou Klasyo. Si gen rezon legal oswa kontraktèl pou retire li, oswa si sèvis la sispann, aksè a ka fini.
6Komisyon, retrè & taks
- Klasyo pran yon komisyon sou chak vant. Pousantaj aktyèl la parèt lè w ap pibliye ak sou paj "Frè & Komisyon".
- Deviz: HTG (Gourdes).
- Retrè: mande retrè nan tablo kreyatè a; minimòm ak delè tretman parèt sou paj retrè a. Nou ka mande plis KYC.
- Frè MonCash: yo ka aplike; nou montre yo anvan w konfime.
- Litij: si gen kontestasyon peman, nou ka kenbe fon yo jiskaske yo rezoud.
- Taks: kreyatè responsab taks pwòp li dapre lwa peyi li.
7Règleman ranbousman
Acha yo, an prensip, definitif. Nou ka ranbouse si:
- peman an double / fwod klè;
- kou a endispònib epi nou pa korije nan 72 è apre siyalman;
- erè manifès (eg. fichye vid) ki pa korije nan 72 è.
Fè demann nan 7 jou apre acha a: admin@klasyo.com ak ID tranzaksyon. Politik Ranbousman
8Dwa & lisans achtè a
Achtè a resevwa yon lisans pèsonèl, pa transfere pou gade kou a.
Entèdi: pataje kont, revann, telechaje san otorizasyon, difizyon piblik.
Nou ka itilize mezi anti-pirataj rezonab (eg. siveyans aksè).
9Sispansyon & fèmen kont
Pou vyolasyon grav/oswa repete, nou ka avèti, retire, sispann oswa fèmen kont.
Fon yo ka bloke pandan ankèt, sitou si gen plent/oswa litij peman.
10Done pèsonèl (rezime)
Nou trete done esansyèl pou bay sèvis la: Auth.js (otantifikasyon), Neon (DB), UploadThing (fichye), Umami (estatistik anonim), Vercel (hosting).
Dwa ou: aksè, korije, efase, opoze. Gade Règleman sou Enfòmasyon Prive oswa ekri admin@klasyo.com.
11Modifikasyon CGU
Nou ka mete CGU yo ajou. Vèsyon aktyèl la toujou sou paj sa a; pou gwo chanjman, n ap bay yon notifikasyon enpòtan.
12Dwa ki aplike & Diferan
CGU sa yo soumèt a lwa Ayiti.
Anvan tribinal, chèche rezolisyon amikal via admin@klasyo.com. Si pa gen solisyon, yo pral jere pa tribinal konpetan an Ayiti.
Ou gen kesyon sou paj sa a?
Si ou bezwen plis klarifikasyon, kontakte Klasyo oswa ale nan Sant Sipò.