Règleman Ranbousman
Dènye mizajou: 21 Janvye 2026
1) Ki lè nou ka ranbouse
Nou ka ranbouse sèlman si tout kondisyon sa yo respekte:
- Ou fè demann lan nan 7 jou apre acha a; epi
- Ou pa fin konsome 50% kou a; epi
- Youn nan ka sa yo rive:
- Peman double oswa fwod klè
- Kou a endispònib epi pwoblèm nan pa korije nan 72 è apre ou siyalel
- Erè manifès (eg.: fichye vid, move kontni, kontni pa koresponn) epi pwoblèm nan pa korije nan 72 è apre siyalman
2) Kijan nou mezire “konsome 50%”
Nou mezire pwogrè w sou kou a sou Klasyo konsa:
- Yon leson video konte kòm konsome lè ou gade omwen 80% videyo a.
- Yon leson PDF konte kòm konsome lè ou ouvri oswa telechaje dokiman an sou platfòm la.
- Yon leson quiz (si genyen) konte kòm konsome lè ou soumet quiz la omwen 1 fwa.
Si pwogrè total ou rive 50% oswa plis, demann ranbousman an pa kalifye.
3) Delè & Demach
Pou mande ranbousman, voye yon imèl bay admin@klasyo.com ak:
- ID tranzaksyon an
- Tit kou a
- Imèl kont lan
- Yon ti eksplikasyon sou pwoblèm nan (si sa aplikab)
4) Kijan ranbousman fèt
- Ranbousman an retounen sou mwayen peman orijinal la (MonCash).
- Delè tretman an depann de sistèm peman an ak verifikasyon demann lan.
5) Sa nou pa ranbouse
Nou pa ranbouse pou:
- Chanje lide
- Kontni ki deja konsome 50% oswa plis
- Demand ki fèt apre 7 jou apre acha a
- Abi / fwod / “refund farming”
- Vyolasyon CGU oswa itilizasyon ki pa nòmal
6) Pwoteksyon kont abi (limit ranbousman)
Klasyo ka refize demann ranbousman si nou remake yon modèl abi (plizyè ranbousman repete, plizyè kont pou menm moun, oswa aktivite sispèk). Klasyo ka mande plis verifikasyon avan li trete demann lan.
7) Litij sou peman (reklamasyon)
Si yon itilizatè fè yon reklamasyon oswa ouvè yon litij sou peman an (eg.: li deklare peman an pa otorize oswa li mande MonCash pou anile/tranche peman an), Klasyo ka mete kont lan sou poz, sispann aksè a kontni an, epi bloke nenpòt ranbousman oswa peman jiskaske verifikasyon an fini. Si reklamasyon an konfime kòm abi oswa fwod, Klasyo ka fèmen kont lan epi pran lòt mezi ki nesesè.
Gade Terms/CGU pou plis detay sou kondisyon itilizasyon platfòm la.