Yo di pa gen travay ann Ayiti. Nou deside kreye yon mache kote ou ka kreye pwòp travay ou.
Nou pa vle tande ankò "pa gen travay ann Ayiti." Klasyo konekte kreyatè ak achtè. Nou pa yon lekòl—nou se yon mache kote ou chanje konesans pou lajan.
Kreye, Vann, Fè Lajan. Sa se nouvo ekonomi an.
"Aprann kounye a. Resevwa lajan demen."
Jwenn kou ki pi bon pou ou nan katalòg nou an ki gen plizyè kategori ak sijè.
Achte kou yo ak sistèm peman ki sekirize epi ki fasil pou itilize.
Kòmanse aprann nan rit ou ak aksè nan tout materyèl yo pou tout tan.
Nou kwè lang kreyòl la merite plas li nan edikasyon dijital. Pifò kou sou platfòm nou an se an Kreyòl paske nou vle edikasyon aksesib epi konfòtab pou moun ki pale Kreyòl kòm premye lang yo.
Nou pa kwè ou bezwen diplòm pou aprann kapasite pratik yo. Ak sistèm peman lokal (MonCash), tout moun ka aksede kou sou platfòm nou an.
Nou fè tout bagay an senp. Chache kou, achte, aprann—tout bagay klè ak fasil pou tout moun, mem si ou pa gen anpil eksperyans ak teknoloji.
Nou bati yon platfòm ki gen sekirite ak ki respekte enfòmasyon ak lajan itilizatè yo.

Fondatè ak CEO
Fondatè ak CEO
"Mwen se yon jèn Ayisyen de 21 an ki kwè nan pouvwa opòtinite dijital yo. Mwen te wè anpil moun di "pa gen travay ann Ayiti" epi mwen deside chanje naratif la."
Klasyo se yon platfòm mwen bati pou konekte kreyatè ak apranti. Nou pa kreye kou—nou bay kreyatè yo zouti pou yo pataje konesans yo epi nou bay apranti yo aksè nan kou kalite. Si ou gen konesans pou pataje oswa si ou vle aprann, platfòm nou an la pou ou.
Ekip nou an la pou ede ou ak tout kesyon oswa pwoblèm ou ka genyen.
Kontakte nou